|
Enfòmasyon konsènan Pwojè lwa Ameriken yo ak pwoblèm
fizik oubyen mantal, 1990 (Americans with
Disabilities Act, 1990) (ADA) Avi sou
adaptasyon
Swivan
Pratik Distri eskolè 1.91 sou Pwogram lekòl yo epi
Pratik anplwa, Distri eskolè nan konte Lee pa fè
diskriminasyon poutèt pwoblèm fizik oubyen mantal moun
yo genyen, nan tretman, akse, oubyen admisyon nan
pwogram, sèvis, oubyen aktivite li yo. Distri eskolè nan
konte Lee pa fè diskriminasyon nonpli poutèt pwoblèm
fizik oubyen mantal moun yo genyen, nan pratik anplwaye
moun pou yo travay.
Avi sa a egzije poutèt Tit II Pwojè lwa Ameriken
yo ak pwoblèm fizik oubyen mantal, 1990, e seksyon
504 Pwojè lwa Readaptasyon, 1973.
Si ou gen keksyon, plent, oubyen ou bezwen plis
enfòmasyon sou lwa sa a, oubyen si ou ta renmen mande
yon adaptasyon poutèt lwa sa a, siwplè kontakte Direktè
reskonsab Pwojè lwa ADA:
| Non: |
Ranice E. Monroe |
| Tit: |
Direkté |
| Adrès: |
2855 Colonial Boulevard, Ft. Myers, FL 33966 |
| Telefòn: |
(239) 337-8330 |
| Faks: |
(239) 335-1425 |
| Lè biwo a: |
Lindi pou vandredi 8:00 pou 4:30. |
Pou w mande yon adaptasyon, siwplè enprime epi
retounen bay nou fòm
Request for
Accommodations Revised.doc. |